Enskri pou kredi STAR
- Language:
- English
- Español
- 中文
- Русский
- বাঙালি
- יידיש
- Kreyòl ayisyen
- 한국어
- Italiano
- عربى
- Polski
- Free interpretation
Pwogram STAR lan kapab ede mèt kay yo ekonomize plizyè santèn dola chak mwa. Ou sèlman bezwen enskri pou kredi STAR la yon sèl fwa, epi Depatman Fiskal la pral voye yon chèk kredi STAR chak ane pou ou, toutotan w kalifye pou sa, Ale gade nan STAR resource center pou w aprann plis konsènan pwogram STAR la.
Ou dwe enskri nan kredi STAR la si ou:
- se yon nouvo pwopriyetè kay,
- ap benefisye franchiz STAR lan men w vle chnaje ale nan kredi STAR,
- se yon pwopriyetè kay ki prefabrike ki te resevwa yon lèt ki di w dwe enskri nan kredi STAR la pou w kapab kontinye resevwa yon avantaj STAR (Fòm RP-425-RMM) oswa,
- se yon pwopriyetè kay aktyèlman la ki p ap benefisye franchiz oswa kredi STAR la.
Ou dwe fè mizajou nan enskripsyon w lan si:
- ou te resevwa yon lèt ki fè konnen ou dwe mete fè mizajou nan enskripsyon w lan (tankou yon Fòm RP-425-RDM), oswa
- te gen yon chanjman nan moun ki pwopriyetè pou pwopriyete w la poutèt rezon tankou maryaj, divòs, abandon enterè yon kopwopriyetè, ou se yon sivivan nan yon sitiyasuon lanmò, nan kad fidisi, transfè dwa pwopriyete a vi, oswa chanjman non.
Kilè m dwe enskri?
Ou dwe enskri pou kredi STAR lan yon fwa kay ou an vin tounen rezidans prensipal ou.
Si ou ap chanje sòti nan franchiz STAR ale nan kredi STAR la, ale gade Deadline to switch to the STAR credit from the STAR exemption.
Kilè mwen ap resevwa chè kredi STAR mwen an?
itilize Kalandriye Livrezon STAR Check pou enfòmasyon ki ajou sou ki lè nou pral kòmanse bay chèk nan zòn ou an.
Èske w deja enskri pou kredi STAR la deja?
Ou pa bezwen enskri ankò sof si te gen yon chanjman nan moun ki gen dwa pwopriyete kay ou an. (Gade lis moun ki gen dwa fè mizajou nan enskripsyon yo pi wo an.) Nou pral fè revizyon enfòmasyon w yo chak ane epi nou pral voye yon chèk kredi STAR otomatikman si w kalifye.
Anvan w kòmanse
Anvan ou kòmanse, se pou gen enfòmasyon sa yo nan men w pou referans. Si w pa gen enfòmasyon ki nesesè yo, ou pa p kapab anrejistre enskripsyon an pou fin ranpli nan pita.
Nòt: Yo pral mande pou w bay yon Property key (kle pwopriyete), men li pa nesesè pou fini enskripsyon an.
- non ak nimewo Sekirite Sosyal yo pou tout pwopriyetè pwopriyete a ak mari oswa madanm yo (yo ka mande w rantre enfòmasyon sa yo plis pase yon fwa pou montre relasyon yo ant pwopriyetè yo)
- non distri eskolè kote rezidans prensipal ou an ye an
- dat apwoksimatif pwopriyetè yo te achte pwopriyete a ak non vandè yo (enfòmasyon sa a pa obligatwa, men li ka ede nou trete enskripsyon w lan san pwoblèm)
- fakti taks eskolè ki pi resan an, si pwopriyetè yo aktyèl yo te resevwa youn (Gade egzanp yo.)
- adrès nenpòt pwopriyete rezidansyèl posede nan yon lòt eta
- non legal moun ki prete w la, si li aplikab
- Deklarasyon taks sou revni federal oswa eta an pou ane 2020 pou tout pwopriyetè yo
Si yo pa t oblije ranpli yon deklarasyon taks sou revni 2020, ou pral bezwen enfòmasyon siplemantè sa yo pou tout mèt pwopriyete yo:
- salè total, tretman, ak tep;
- revni enterè ki ka takse ak dividann;
- konpansasyon chomaj;
- pansyon total ak kòb ou resevwa chak peryòd;
- Avantaj Sekirite Sosyal; ak
- lòt revni.
Ou pare?
ENSKRI
Aprè ou enskri
- Enprime yon kopi paj konfimasyon an.
- Note nimewo konfimasyon w lan. W ap bezwen l pou rezon verifikasyon si w kontakte nou nan pita. Si w te bay adrès imèl ou, n ap voye yon imèl ba ou ak nimewo konfimasyon w lan.
Si w kalifye, n ap voye chèk kredi STAR ou a anvan dat fakti taks eskolè w la. Pou wè si w ap kòmanse resevwa kredi STAR la ane sa a oswa si enskripsyon an pa p anvigè jouk ane pwochèn, gade Dat limit pou chanje soti nan egzanpsyon STAR pou ale nan kredi STAR.
Kont Garanti Ipotèk Si ou peye taks Eskolè atravè yon Kont Garanti Ipotèk, ou kapan vle kontakte resposab prè pou ipotèk oswa ajan li an pou fè yo konnen w te chanje sòti nan franchiz STAR ale nan kredi STAR la.
Nan ane kap vini yo
Ou pa bezwen enskri ankò nan ane kap vini yo sof si te gen yon chanjman pwopriyetè pou kay ou a. Lè w enskri pou kredi STAR la, nou pral otomatikman revize aplikasyon w lan pou detèmine si w kalifye pou kredi STAR Debaz la oswa Amelyore a. Osi lontan ou kalifye, n ap voye ba ou yon chèk pou kantite lajan avantaj ou an.
Si w resevwa yon lèt nan men nou
Si nou bezwen plis enfòmasyon pou trete enskripsyon w lan, oswa si dosye nou yo endike ou pa kalifye pou kredi a, n ap voye yon lèt ba ou. Lèt la ap eksplike kijan pou bay enfòmasyon yo mande yo epi kijan pou reponn si w pa dakò.
Resous
Feyè pou nouvo pwopriyetè kay yo
Ajan imobilye ak avoka, kòm kliyan w yo ap achte nouvo kay, nou ankouraje w ba yo ak feyè yon sèl paj ki ka enprime sa a: Enskri pou Kredi Soulajman Taks Eskolè STAR (Register for the School Tax Relief (STAR) credit).